Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:56 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

56 Abraram, papa nou, te kontan nèt lè l sèlman panse mwen gen pou m vini. Li te kontan nèt, lè l te wè jou sa a rive.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

56 Abraram papa nou te kontan, paske li te anvi wè jou m lan rive. Li wè li. Sa te fè kè l kontan nèt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

56 “Papa zansèt nou, Abraham te rejwi pou wè jou sa a, e Li te wè l, e te ranpli avèk jwa.”

参见章节 复制




Jan 8:56
11 交叉引用  

An verite m ap di nou: anpil pwofèt ak anpil moun ki fidèl te swete wè sa n ap wè la a. Yo te swete tande sa n ap tande la a, men yo pa t jwenn gras sa a.


Paske m ap di nou sa, anpil pwofèt ak anpil wa te vle wè sa n ap wè a, men yo pa t wè yo. Yo te vle tande sa n ap tande yo, men yo pa t tande yo.”


Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa deja, men nou pa kwè. Mirak sa yo m ap fè nan non Papa m, yo montre aklè ki moun mwen ye.


Mwen konnen se nan ras Abraram nou soti, men n ap chache touye m, se paske pawòl mwen yo pa fè anyen nan nou.


Yo reponn li: “Papa nou se Abraram.” Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram, nou ta fè menm bagay ak Abraram.


Tout gwo zotobre nou sot site la yo, yo te viv pa lafwa jouktan yo mouri. Gen ladan yo ki pa t gentan jwi sa Bondye te pwomèt pèp li a. Men yo te kontan menm lè yo t ap admire pwomès sa yo de lwen. Yo te rekonèt se etranje ak vwayajè yo ye sou latè.


Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Men yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo.


跟着我们:

广告


广告