Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:55 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

55 Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

55 Nou pa konnen li. Men mwen menm, mwen konnen li. Si pou m ta di mwen pa konnen li, mwen ta bay manti tankou nou. Men, mwen konnen l epi m'ap fè tou sa li di m fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

55 “Nou poko vin rekonèt Li, men Mwen menm, mwen konnen Li. Si Mwen di ke M pa konnen L, Mwen ta yon mantè tankou nou menm, men Mwen vrèman konnen Li, e kenbe pawòl Li.

参见章节 复制




Jan 8:55
25 交叉引用  

Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.


Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo.


Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li.


Yo va fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki voye m nan.


Yo va aji kon sa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m.


Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen.


Mwen pa vle di te janm gen yon moun ki te wè Bondye Papa a. Yon sèl moun ki te janm wè Bondye Papa a, se moun Bondye voye a. Li menm, li wè Bondye Papa a.


Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?” Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.”


Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.”


Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.


An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”


Lè sa a, Jwif yo di li konsa: “Kounye a nou konnen ou gen yon move lespri nan tèt ou. Abraram mouri, ata pwofèt yo mouri, epi ou menm ou ap vin di: Si yon moun resevwa pawòl ou li p ap janm mouri.


Paske, pandan m ap vizite vil nou an, m ap gade kote nou abitye adore yo, m wè yon lotèl ki gen pawòl sa yo make sou li: pou bondye nou pa konnen an. Ebyen, Bondye sa a n ap adore san nou pa konnen l lan, se de li m ap pale nou la a.


Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.


Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik.


Konsa, kilès k ap bay manti a? Se sila a ki di Jezi se pa Kris la. Sila a ki nye Papa a ak Pitit la. Se li ki lènmi kris la.


Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou.


Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan li menm menm. Moun ki pa kwè Bondye fè l tounen yon moun k ap bay manti paske li pa kwè nan temwayaj Bondye rann pou Pitit li a.


Gade, m ap ba w moun sinagòg Satan yo. Yo di se Jwif yo ye, se pa vre: yo manti. M ap fè yo vin mete ajenou nan pye w pou adore w. M ap fè sa pou yo kapab konnen mwen renmen w.


跟着我们:

广告


广告