Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:44 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

44 Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

44 Se satan ki papa nou. Se sa ki fè nou vle fè sa papa nou mande nou. Depi nan kòmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite paske pa gen verite menm nan li. Depi li louvri bouch li se manti l'ap bay. Paske se mantò li ye. Se li papa tout manti.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.

参见章节 复制




Jan 8:44
41 交叉引用  

Bann ras vipè! Se fè mal ase nou pwòp! Èske nou t ap janm di bon bagay? Se pawòl yon moun ki fè w konnen sa k nan kè l.


Kè pèp sa vin tounen zanpoud. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande, yo fèmen je yo pou yo pa wè. Si kè yo pa t tounen zanpoud yo ta wè ak je yo, yo ta tande ak zòrèy yo, yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen, mwen ta geri yo.


Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo.


Jezi reponn: “Se mwen menm ki chwazi nou douz la. Men gen youn nan nou se yon move lespri li ye.”


Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman.


Mwen menm, mwen pale de sa Papa m montre m, men nou menm, nou fè sa pwòp papa pa nou di nou fè.”


Nou menm n ap fè travay papa nou.” Lè sa a, yo reponn li: “Nou pa pitit deyò, nou gen yon sèl papa, se Bondye.”


Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye.


Pòl di: “Se pitit Satan w ye, kè w plen ak manti ak mechanste! Ou se lènmi tout sa ki bon. Jouk ki lè ou ap sispann fè verite Bondye a pase pou manti?


Lòt Jwif yo te dakò ak sa k te di a. Yo di wi, tout sa se verite a.


Pyè di li: “Ananyas, poukisa ou kite Satan ranpli kè w konsa? Ou sere nan kòb jaden an epi ou vin bay Sentespri a manti?


Men menm jan Èv te tonbe anba riz sèpan an, mwen krenn pou panse nan tèt nou pa fè nou kite atachman fidèl epi san detou nou dwe genyen ak Kris la.


Kontwole tèt nou epi veye. Dyab la, lènmi nou an, ap veye tankou yon lyon ki move k ap chache moun pou l manje.


Paske, menm zanj nan syèl la ki te peche, Bondye pa t kite yo ale san l pa t pini yo, li voye yo nan lanfè etènèl. Li mete yo nan prizon fènwa pou tann jou jijman yo.


Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a.


Si m ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konnen verite a, se paske nou konnen li; nou konnen tou pyès manti pa ka soti nan verite a.


Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou.


Se pa pou nou fè menm jan ak Kayen ki te soti nan Satan. Se sa k fè li te touye frè li. Epi pou kisa li te touye l? Paske bagay li t ap fè yo pa t bon, men sa frè li t ap fè yo te bon.


Nenpòt moun ki pa renmen frè l ak sè l, se yon asasen li ye. Epi, nou konnen sa, okenn asasen pa gen lavi etènèl.


Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman fin al la.


Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.


Se kon sa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a.


Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.


Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”


Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.


Chèf k ap gouvène krikèt vèt yo, se anj twou san fon an. Nan lang Ebre a, yo rele l Abadon. Nan lang Grèk, yo rele l Apolyon.


跟着我们:

广告


广告