Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Mwen gen anpil bagay pou m di sou nou, anpil bagay menm pou m jije nan nou. Men, moun ki voye m lan, se verite ase li di. Se sèlman sa m pran nan bouch li m'ap anonse bay lèzòm ki sou latè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Mwen gen anpil bagay pou pale e pou jije konsènan nou. Sinon, Li menm ki te voye M nan vrè. E bagay ke M te tande de Li yo, sa yo Mwen pale a lemonn.”

参见章节 复制




Jan 8:26
17 交叉引用  

Mwen pa rele nou senp sèvitè, paske yon sèvitè pa konn sa mèt li ap fè. Men nou menm, mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout sa m tande Papa m di.


Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou ankò, men nou pa anmezi pou nou konprann yo kounye a.


Paske pawòl mwen te pale yo se pawòl pa w ou te ban mwen. Yo aksepte pawòl ou yo. Yo konnen mwen soti kote w toutbon vre, yo kwè se ou ki voye m.


Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt.


Mwen di w sa franchman, nou pale sa nou konnen, nou temwanye sa nou wè, men nou menm pèp Izrayèl, nou pa resevwa temwanyaj nou.


Jezi reponn: “Sa m ap anseye pa soti nan mwen menm. Ansèyman mwen soti nan moun ki voye m nan.


Jezi te kontinye ap anseye kote l te ye nan tanp lan, li di byen fò: “Èske nou konnen ki moun ye ak kote mwen soti vrèman? Mwen vini isit la, men se pa ak pwòp desizyon mwen. Moun ki voye m an merite tout konfyans nou. Men nou pa konnen li.


Lè sa a, yo di Jezi: “Ki lès ou ye?” Jezi reponn yo: “Sa m te toujou ap di nou depi nan kòmansman an.


Yo pa t konprann li t ap pale yo de Bondye, Papa li.


Mwen menm, m ap di nou verite a mwen tande ki soti nan Bondye, men kounye a n ap chache touye m. Abraram pa fè bagay konsa.


Si nou kwè Bondye fidèl, nou mèt kwè pawòl mwen di nou pa ka wi ak non an menm tan.


跟着我们:

广告


广告