Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Se poutèt sa mwen di nou, n ap mouri nan peche nou. Paske si nou pa kwè moun mwen ye a, n ap mouri nan peche nou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Pou sa, Mwen te di nou ke nou tout va mouri nan peche nou yo. Paske anmwenske nou kwè ke Mwen menm se Sila a, nou va mouri nan peche nou yo.”

参见章节 复制




Jan 8:24
18 交叉引用  

M di nou sa, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la. Y ap rive twonpe anpil moun konsa.


paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la, y ap rive twonpe anpil moun konsa.


Nenpòt ki kwè epi ki batize va sove, men moun ki pa kwè ap kondane.


Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a. Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo.


Depi kounye a mwen di nou sa anvan l rive. Konsa, lè sa va rive, nou va kwè mwen se Mesi a vre.


Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a.


Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”


Alò, Jezi di l: “Mwen menm menm k ap pale avè w la, se mwen menm ki Mesi a.”


Yon lòt fwa ankò, Jezi di moun yo: “Mwen prale. Yon jou n ap gen pou n chache m, men nou gen pou n mouri nan peche nou. Kote m prale a, nou pa gen pouvwa rive la.”


Lè sa a, yo di Jezi: “Ki lès ou ye?” Jezi reponn yo: “Sa m te toujou ap di nou depi nan kòmansman an.


Jezi di yo konsa: “Lè n a fin leve Pitit Lòm nan mete anlè sou yon kwa, n a konnen ki moun mwen ye, epi n a konnen mwen pa fè anyen ak pwòp otorite m, men mwen di sa Papa a te anseye m.


Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, anvan Abraram te la, mwen la.”


Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”


Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou.


Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a.


跟着我们:

广告


广告