Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Yon lòt fwa ankò, Jezi di moun yo: “Mwen prale. Yon jou n ap gen pou n chache m, men nou gen pou n mouri nan peche nou. Kote m prale a, nou pa gen pouvwa rive la.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Jezi di yo ankò: — Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m, men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m prale a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Li te di yo ankò: “M ap prale, e nou va chache M, e va mouri nan peche nou. Kote M ap prale, nou p ap kab vini.”

参见章节 复制




Jan 8:21
21 交叉引用  

Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”


Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo.


Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”


Li te di sa pou l fè konprann kijan l ap mouri.


Jezi di yo: “Limyè a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale.


Zanmi m yo, mwen p ap pase anpil tan ak nou ankò. Nou va chache m, men, menm jan m te di lidè Jwif yo, mwen di nou sa tou, nou p ap kapab vini kote m prale a.


Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen. Epi nou p ap kapab vini kote m prale a non plis.”


Yo t ap mande youn lòt, “Ki sa Jezi te vle di lè l di: Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen, epi Nou p ap kapab ale kote m prale a?”


Se poutèt sa mwen di nou, n ap mouri nan peche nou. Paske si nou pa kwè moun mwen ye a, n ap mouri nan peche nou.”


Te gen yon lè, nou te mouri espirityèlman poutèt peche nou yo epi bagay nou fè ki mal kont Bondye.


跟着我们:

广告


广告