Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Nou jije nan fason lèzòm jije. Men mwen menm, mwen pa jije pèsonn.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pèsonn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 “Nou menm nou jije pa lachè, men Mwen p ap jije pèsòn.

参见章节 复制




Jan 8:15
17 交叉引用  

Men, Jezi reponn li: “Ki moun ki mete m jij osinon abit pou m jije bagay kon sa ant ou menm ak frè w?”


Si yon moun tande sa m di epi li pa pratike yo, se pa mwen k ap jije li, paske mwen pa vini pou m jije lemonn, mwen vini pou m sove lemonn.


Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”


Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn.


Ann sispann jije sou laparans. Ann jije yon fason ki dwat.”


Madam nan reponn: “Non Senyè!” Lè sa a Jezi di li: “Mwen menm tou, mwen pa kondane w. Ou mèt ale, men yon sèl bagay, pa peche ankò.”


Se poutèt sa, ou pa gen okenn eskiz, ou menm k ap jije lòt moun yo. Paske, lè w ap jije lòt moun yo, ou pwononse pwòp jijman w, poutèt pandan w ap jije a menm, w ap fè menm bagay ak yo.


Poutan moun ki Sentespri a yo kapab sonde tout bagay san tonbe anba jijman okenn moun.


Konsa, nou sispann gade moun ak menm je lèzòm gade moun. Se vre, se kon sa nou te konnen Kris la nan tan pase. Men nou pa panse kon sa ankò.


Lè w aji konsa, èske w pa fè patipri? Èske w pa fè yon jijman avèk yon kè mechan?


跟着我们:

广告


广告