Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”

参见章节 复制




Jan 8:12
31 交叉引用  

Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l.


Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo. Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.”


Jezi di yo: “Limyè a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale.


Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, kon sa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale kon sa ak yo, li pati l al kache.


Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.


Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen.


Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal.


Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman.


Toutotan m nan mond lan, mwen se limyè mond lan.”


Paske, men sa Senyè a menm te di nou: Mwen mete w pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou montre moun toupatou sou latè kijan pou yo sove.”


Yo te di Mesi a te gen pou l mouri epi li t ap premye moun k ap resisite. Yo te di li t ap pote limyè delivrans pou moun ki pa Jwif yo.


Fo pwofèt sa yo, se tankou sous ki pa gen dlo. Yo tankou nyaj gwo van ap pouse. Gen yon plas ki rezève pou yo kote ki fènwa anpil la.


Paske, menm zanj nan syèl la ki te peche, Bondye pa t kite yo ale san l pa t pini yo, li voye yo nan lanfè etènèl. Li mete yo nan prizon fènwa pou tann jou jijman yo.


Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik.


Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.


Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman fin al la.


Nasyon yo ki sou latè, yo mache nan limyè Ti Mouton an bay la. Dirijan yo ki sou latè, yo pote glwa pa yo vini nan vil la.


跟着我们:

广告


广告