Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 7:37 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

37 Dènye jou fèt la te rive. Se jou pi ki enpòtan an. Nan Jou sa a, Jezi kanpe epi li di byen fò: “Nenpòt moun ki swaf kapab vini jwenn mwen, epi nenpòt moun ki kwè nan mwen va bwè!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

37 Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: — Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè!

参见章节 复制




Jan 7:37
50 交叉引用  

Vin jwenn mwen ou menm ki santi w fatige anba fado ki twò lou pou pote, m ap ba ou repo.


Se sou Janbatis Ezayi t ap pale, lè l te di: “Gen yon vwa nan dezè a k ap pale byen fò: Fè chemen pou Senyè a. Fè wout yo byen dwat devant l.”


Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen, paske y ap jwenn satisfaksyon.


Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo: Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di: “prepare chemen Senyè a byen dwat.”


Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen.


Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”


Fanm nan di li: “Mesye, pi a fon anpil epi ou pa gen veso pou tire dlo a. Kote ou ap jwenn kalite dlo sa a?


Men nenpòt moun ki bwè dlo mwen bay la p ap janm swaf ankò. Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.”


Men, nou derefize vini jwenn mwen pou m ta ban nou lavi etènèl.


Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò.


Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo.


Kò m se yon manje toutbon, epi san m se yon bwason toutbon.


Jezi te kontinye ap anseye kote l te ye nan tanp lan, li di byen fò: “Èske nou konnen ki moun ye ak kote mwen soti vrèman? Mwen vini isit la, men se pa ak pwòp desizyon mwen. Moun ki voye m an merite tout konfyans nou. Men nou pa konnen li.


Nou pa ka ap bwè jodi a nan koup Senyè a epi demen nan koup denmon yo. Nou pa ka ap patisipe nan repa Senyè a epi pou n ap patisipe nan repa denmon yo tou.


Yo tout te bwè menm bwason espirityèl la. Wi, yo te bwè nan gwo wòch espirityèl la ki t ap mache ak yo. Wòch sa a se te Kris la.


Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. Fè sa pou n kapab sonje m, chak fwa nou bwè li.”


Gen kèk nan nou se Jwif, gen kèk nan nou ki pa Jwif; gen kèk nan nou ki lib, gen kèk nan nou ki esklav. Men nou tout resevwa batèm Sentespri a pou nou ka vin fòme yon sèl kò. Se menm Sentespri a Bondye bay nou tout.


Piga nou soule tèt nou ak diven, bagay kon sa ap mennen nou nan debòch. Okontrè, kite Sentespri Bondye a ranpli lavi nou pito.


Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a.


Zanj lan montre m yon gwo larivyè dlo ki bay lavi. Li klè menm jan ak kristal. Rivyè dlo sa a soti nan fotèy Bondye a, ansanm ak Ti Mouton an.


Lespri Bondye, ansanm ak lamarye a, yo di: “Vini non!” Se pou moun ki tande di: “Vini non!” Se pou moun ki swaf vin bwè. Se pou nenpòt moun ki vle dlo lavi a vin pran gratis.


跟着我们:

广告


广告