Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 7:31 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Men te gen anpil nan moun sa yo ki te kwè nan Jezi. Yo di: “Nonm sa a tèlman fè mirak. Lè Mesi a va vini, èske l ap ka fè plis mirak pase nonm sa a?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: — Lè Kris la va vini, eske la fè plis mirak pase nonm sa a?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Men anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”

参见章节 复制




Jan 7:31
19 交叉引用  

Moun ki te la yo te etone anpil, epi se yon sèl pawòl ki te nan bouch yo: “Sanble nonm sa a se Pitit Bondye te pwomèt David la.”


Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye.


Anpil nan Jwif sa yo, ki te vin wè Mari epi ki te wè sa Jezi te fè a, te kwè nan li.


Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi.


Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la.


Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.


Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”


“Men yon nonm ki di mwen tout bagay mwen fè. Vin wè, èske se pa ta li menm ki Mesi a?”


Anpil Samariten nan vil la te kwè nan Jezi. Yo te kwè poutèt sa fanm nan te di yo sou Jezi a. Li te di yo: “Li di mwen tout sa m fè.”


Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo.


Men l ap anseye kote tout moun kapab ni wè li ni tande li. Epi pèsonn pa eseye anpeche l fè sa. Petèt lidè yo te deside se li ki Mesi a vrèman.


Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève repo a.” Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo.


Simon li menm te kwè tou. Apre l fin batize, li te rete ansanm ak Filip tout kote Filip pase. Lè Simon te wè tout bèl bagay ak gwo mirak Filip t ap fè yo, li te sezi.


Yon kò moun ki pa gen souf ladan, se yon mò. Se menm bagay la pou lafwa. Yon lafwa ki pa fè anyen se yon lafwa ki mouri!


跟着我们:

广告


广告