Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 7:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Te gen anpil moun la. Anpil nan yo t ap pale an sekrè antre yo de Jezi. Kèk nan yo te di: “Se yon nonm de byen li ye.” Men kèk lòt t ap di: “Se pa vre, mesye ap twonpe moun yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: — Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: — Non, se pete l'ap pete moun.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.”

参见章节 复制




Jan 7:12
20 交叉引用  

Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil, nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.


Konsa yo t ap chache wè kijan pou yo mete men sou li. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te rekonèt Jezi kon yon pwofèt.


Yo di li: “Chèf, nou sonje lè magouyè sa a te vivan, li te di: m gen pou m resisite nan twa jou.


Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon.


Lè kaptenn lame a wè sa k te rive a, li bay Bondye louwanj epi li di: “Se sèten, nonm sa a te inosan vre!”


Vwala te gen yon nonm nan zòn nan yo rele Jozèf. Se te yon manm gran konsèy Jwif yo, men se te yon moun debyen, ki te mache dwat devan Bondye.


Bon moun gen bon bagay sere nan kè yo. Se sa k fè yo di bon bagay. Men moun ki mechan, se mechanste ki ranpli kè yo. Se sa k fè se move bagay yo di. Sa yon moun di ak bouch li se nan kè l li soti.


Yon gwo laperèz te anvayi tout moun yo. Yo t ap glorifye non Bondye. Yo t ap di: “Yon gran pwofèt resisite nan mitan nou.” Yo t ap di tou: “Bondye vizite pèp li a.”


Moun ki te wè mirak sa a Jezi te fè a, yo di: “Se sèten, se li ki pwofèt ki te gen pou vini nan lemonn nan.”


Farizyen yo te tande sa moun yo t ap di sou Jezi. Alò, chèf prèt yo mete ak Farizyen yo, yo voye kèk nan moun ki t ap fè polis nan tanp lan pou arete li.


Farizyen yo reponn: “Alò, nonm nan pran tèt nou tou!


Lidè Jwif yo reponn: “Gen lè se moun Galile ou ye tou! Etidye Bib la. Èske ou ap jwenn okenn pwofèt ki soti Galile?”


Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève repo a.” Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo.


Banabas sa a, se te yon bon moun. Li te gen anpil lafwa epi l te toujou anba pouvwa Sentespri a. Epi anpil lòt moun te vin disip Senyè a.


Pa gen anpil moun k ap aksepte mouri pou sove lavi yon lòt moun, menm si se ta yon bon moun. Yon moun ta kapab dakò mouri sitou pou yon moun ki bon.


Fè tou sa nou gen pou nou fè san nou pa ni plenyen ni babye.


跟着我们:

广告


广告