Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 6:53 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

53 Jezi di: “Amèn, amèn! Nou poze yon bèl kesyon. Si nou menm nou pa manje kò Pitit Lòm nan epi bwè san li, nou p ap gen lavi etènèl nan nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

53 Jezi di yo: — Anverite se vre: Si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

53 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.

参见章节 复制




Jan 6:53
19 交叉引用  

epi l di yo: “Anverite m ap di nou, si nou pa chanje jan nou panse, epi vin tounen tankou timoun, nou p ap janm antre nan wayòm Bondye a.


Anverite m ap di nou: toutotan syèl la ak tè egziste, pa gen anyen k ap soti nan lalwa Moyiz la, pa menm yon i, ni ti pwen sou tèt yon i, jouktan tout bagay ki te prevwa nan lalwa a rive nan bout yo.


Lè sa a, Jezi reponn li: “Rena yo gen twou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”


Non, se pa vre. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an.


Non, se pa paske yo te fè plis peche. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an.”


Pyè di l konsa: “Lave pye m menm! Sa p ap fèt pyès!” Lè sa a Jezi di li: “Si m pa lave w, ou pa kapab asosye avè m.”


Rete branche nan mwen, epi mwen menm m ap rete branche nan nou tou. Menm jan ak branch rezen ki pa kapab donnen poukont li san l pa rete atache nan pye rezen an, se kon sa tou nou pa kapab donnen si nou pa rete branche nan mwen.


Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”


Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”


Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.


Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl.


Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.


Kò m se yon manje toutbon, epi san m se yon bwason toutbon.


Alò kisa nou va panse lè nou va wè Pitit Lòm nan monte ale kote li te soti a?


Moun ki kwè nan Pitit la genyen lavi, moun ki pa kwè nan Pitit la pa genyen lavi.


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo! Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a ki nan paradi Bondye a.


跟着我们:

广告


广告