Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 6:47 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

47 Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

47 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

47 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl.

参见章节 复制




Jan 6:47
15 交叉引用  

Epi, tout moun ki vivan epi ki kwè nan mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”


Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan.


Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl.


Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a.


Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”


Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a.


Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”


Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”


Men sa m ap di, m ap di se mwen menm ki pen ki soti nan syèl la. Menm jan li te soti nan syèl, moun te ka manje ladan epi yo te ka viv, mwen vini pou nou kapab viv.


Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.


Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a.


Se sa Pen ki desann soti nan syèl la vle di. Se pa menm jan ak pen zansèt nou yo te manje a. Pen sa a pa t anpeche yo mouri. Moun k ap pran plezi pou l manje pen m ap pale a, l ap viv pou tout tan.”


跟着我们:

广告


广告