Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 6:41 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Kèk Jwif t ap kritike Jezi paske li te di: “Pen ki soti nan syèl la, se mwen menm.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

41 Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Pou sa, Jwif yo t ap mimire paske Li te di: “Mwen menm se pen ki desann soti nan syèl la.”

参见章节 复制




Jan 6:41
14 交叉引用  

Farizyen yo ansanm ak Skrib yo menm t ap plenyen kont sa, yo t ap di: “Nonm sa a resevwa moun k ap viv nan peche yo epi li manje ak yo.”


Tout moun ki te wè sa te tonbe babye. Yo di: “Gade ak ki kalite moun li pran pa. Li fè ladesant lakay yon moun k ap viv nan peche.”


Farizyen yo ansanm ak direktè lalwa yo t ap plenyen bay disip Jezi yo, yo t ap di: “Pouki sa n ap manje bwè ansanm ak pèseptè kontribisyon yo, ak moun k ap viv nan peche yo?”


Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?”


Pen Bondye bay la se sa ki soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi.”


Men Jezi te di yo: “Sispann kritike m!”


Mwen se pen ki bay lavi a.


Se sa Pen ki desann soti nan syèl la vle di. Se pa menm jan ak pen zansèt nou yo te manje a. Pen sa a pa t anpeche yo mouri. Moun k ap pran plezi pou l manje pen m ap pale a, l ap viv pou tout tan.”


Lè disip Jezi yo tande sa, anpil nan yo di: “Ansèyman sa a di, ki moun ki kapab aksepte sa?”


Lè Jezi fin di pawòl sa yo, anpil nan disip li yo vire do ba li, epi yo sispann swiv li.


Te gen anpil moun la. Anpil nan yo t ap pale an sekrè antre yo de Jezi. Kèk nan yo te di: “Se yon nonm de byen li ye.” Men kèk lòt t ap di: “Se pa vre, mesye ap twonpe moun yo.”


Pa chita ap bougonnen menm jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz anj lanmò a te touye yo.


Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.


跟着我们:

广告


广告