Fèt Pak Jwif yo te prèske rive. Nan moman fèt la, anpil moun soti nan tout peyi a vini Jerizalèm pou yo te kapab fè tout sa Lalwa te mande pou yo te pirifye yo pou fèt la.
Anvan fèt Pak la, Jezi te deja konnen lè l te rive pou l kite lemonn pou l ale kote Papa l, li te toujou renmen moun li chwazi pou disip li yo. Lè sa a, li ba yo yon prèv lanmou san mezi.