Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 6:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li t'ap fè, jan li t'ap geri anpil moun malad tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 E yon gran foul te swiv Li paske yo te wè sign ke Li t ap fè sou sa ki te malad yo.

参见章节 复制




Jan 6:2
19 交叉引用  

Men Jezi te konnen ki plan Farizyen yo te gen pou li. Konsa li kite zòn nan ak yon foul moun ki t ap swiv li. Li geri tout malad ki te la.


Epi yon foul moun te vin rasanble bò kote l. Konsa Jezi monte nan yon bato li chita. Foul moun yo te rete sou rivaj la.


Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la.


Jezi desann mòn nan, epi yon gwo foul moun t ap swiv li.


Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.


Anpil moun te wè lè yo t ap pati epi yo te konnen ki kote yo t aprale, se kon sa yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a, epi yo rive anvan Jezi ak disip yo.


Chèf prèt yo ak Farizyen yo te reyini Gran Konsèy la, epi yo di: “Ki sa n ta fè? Paske nonm sa a fè yon bann mirak.


Se poutèt sa, foul moun sa yo te vin kontre li, paske yo te tande ki kalite mirak li te fè.


Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li


Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.


Pandan Jezi te lavil Jerizalèm, nan fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li, paske yo te wè mirak li t ap fè yo.


Jezi te fè anpil lòt mirak ankò ki pa rapòte nan liv sa a.


Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”


Moun ki te wè mirak sa a Jezi te fè a, yo di: “Se sèten, se li ki pwofèt ki te gen pou vini nan lemonn nan.”


Yon foul moun te rete sou lòtbò lak pou jis demen. Yo te konnen Jezi pa t pati avèk disip li yo nan bato a. Yo te konnen disip yo te pati tou sèl nan bato a. Epi yo te konnen tou se te sèl bato ki te genyen la a.


Jezi reponn yo: “Se vre! Nou byen konprann mwen te dwe vini ak pouvwa Bondye. Men, mwen kapab konstate, se pa paske nou wè mirak n ap chache m. N ap chache m paske nou te manje pen epi vant nou te plen.


Konsa, moun yo mande Li: “Ki mirak ou ap fè pou nou wè? Si nou wè ou fè yon mirak, n ap kwè nan ou. Ki sa ou fè?


跟着我们:

广告


广告