Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 6:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Moun ki te wè mirak sa a Jezi te fè a, yo di: “Se sèten, se li ki pwofèt ki te gen pou vini nan lemonn nan.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Lè moun yo wè mirak Jezi te fè a, yo di konsa: — Se vre wi, nonm sa a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”

参见章节 复制




Jan 6:14
18 交叉引用  

Li voye mande Jezi: “Èske se ou menm ki gen pou vini an oubyen èske nou dwe tann yon lòt?”


Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”


Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?” Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou.


Yon gwo laperèz te anvayi tout moun yo. Yo t ap glorifye non Bondye. Yo t ap di: “Yon gran pwofèt resisite nan mitan nou.” Yo t ap di tou: “Bondye vizite pèp li a.”


Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?” Li reponn: “Non, mwen pa Eli.” Yo mande l: “Èske ou se pwofèt la?” Li reponn: “Non.”


Mat reponn: “Wi, Senyè, mwen kwè se ou menm ki Mesi a, Pitit Bondye a, li menm ki vini nan lemonn.”


Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.


Fanm nan di: “Mesye, mwen wè ou se yon pwofèt.


Fanm samaritèn nan di li: “Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, li gen pou vini. Lè l vini, li va fè n konnen tout bagay.”


Moun yo di fanm nan: “Anvan, nou te kwè poutèt sa ou te di nou. Men kounye a, nou kwè paske nou tande Li ak pwòp zòrèy nou. Kounye a, nou konnen se li menm ki gen pou sove lemonn.”


Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo.


Jezi reponn yo: “Se vre! Nou byen konprann mwen te dwe vini ak pouvwa Bondye. Men, mwen kapab konstate, se pa paske nou wè mirak n ap chache m. N ap chache m paske nou te manje pen epi vant nou te plen.


Konsa, moun yo mande Li: “Ki mirak ou ap fè pou nou wè? Si nou wè ou fè yon mirak, n ap kwè nan ou. Ki sa ou fè?


Lè moun yo te tande sa Jezi di yo, gen nan yo ki di: “Nonm sa a se Pwofèt la vre.”


Se menm Moyiz sa a tou ki te di pèp Izrayèl la pawòl sa yo: Bondye gen pou l fè yon pwofèt parèt nan mitan nou. Se youn pami nou l ap ye tou, menm jan ak mwen.


跟着我们:

广告


广告