Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 5:44 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

44 Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

44 Epitou kouman pou nou ta fè kwè a? Nou sitèlman renmen lwanj yonn nan men lòt. Nou p'ap renmen chache lwanj ki soti nan Bondye ki pa gen parèy la?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache glwa a ki sòti sèlman nan sèl Bondye ki genyen an.

参见章节 复制




Jan 5:44
26 交叉引用  

Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj nan manto yo pi long pase pa lòt moun.


Wa a reponn li: Ekselan! Ou se yon bon sèvitè. Paske ou te fidèl nan ti bagay, m ap ba ou gouvène dis (10) vil.


Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.


Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a.


Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè.


Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen.


Pou kisa nou pa kapab konprann langaj mwen? Paske nou pa kapab aksepte ansèyman m.


Men tout moun ki fè sa ki byen, Bondye ap ba yo laglwa, lonè ak lapè, pou Jwif an premye ak pou moun ki pa Jwif yo tou.


Yon Jwif toutbon vre, se yon moun ki Jwif anndan l. Yon bon sikonsizyon, se anndan kè yon moun li ye. Se Sentespri a ki fè l, se pa yon Lwa ekri ki fè sa. Epi nenpòt moun Sentespri a sikonsi nan kè l, li resevwa lwanj ki soti nan Bondye.


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.


Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.


Pa fè anyen ak lògèy nan fè tèt nou pase pou pi bon pase lòt moun. Men se pou imilite nou fè n konsidere lòt moun pi enpòtan pase nou.


Nou pa t janm chache pou okenn moun fè lwanj pou nou. Nou pa t chache nan bouch ou. Nou pa t chache l nan bouch lòt moun.


Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!


Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an.


Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo.


Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se kon sa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.


Pou Bondye sèl Sovè nou an, pa mwayen Jezikris, se pou tout glwa, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite rasanble nan men li menm sèl, depi kounye a epi pou tout tan! Amèn!


跟着我们:

广告


广告