Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 5:40 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

40 Men, nou derefize vini jwenn mwen pou m ta ban nou lavi etènèl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

40 Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.

参见章节 复制




Jan 5:40
23 交叉引用  

Lè lè a rive, li voye sèvitè l yo pou fè envite yo sonje jou nòs la. Men tout moun li te envite yo te refize vini.


Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle!


Li te vini pami moun pa l yo, men moun pa l yo pa t resevwa li.


Vòlè a pa vin fè lòt bagay, se vòlè, se touye, se detwi. Men, mwen menm, mwen vini pou ba yo lavi, yon lavi pi plis pase sa w ta janm imajine.


Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal.


Nou etidye Bib la paske nou kwè n ap jwenn yon fason pou nou viv pou tout tan nan yo. Men, menm pawòl sa yo pale de mwen.


Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen.


Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè?


Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”


Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo.


Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”


Lè yon moun peche, peche peye l yon salè, se lanmò. Men Bondye bay moun pa li yo yon kado, se lavi etènèl nan Jezikris, Senyè nou an.


Lespri Bondye, ansanm ak lamarye a, yo di: “Vini non!” Se pou moun ki tande di: “Vini non!” Se pou moun ki swaf vin bwè. Se pou nenpòt moun ki vle dlo lavi a vin pran gratis.


跟着我们:

广告


广告