Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 5:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Menm jan lavi se nan Papa a li soti, kon sa tou, Papa a bay Pitit la pouvwa pou l bay lavi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Papa a gen pouvwa pou l bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm.

参见章节 复制




Jan 5:26
26 交叉引用  

Se nan limenm lavi te ye, epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè.


Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”


Jezi di l konsa: “Mwen se rezireksyon, mwen se lavi. Moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, l ap viv.


Epi, tout moun ki vivan epi ki kwè nan mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”


Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan.


Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen.


Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”


Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm.


An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”


Se li menm ki bay moun lavi, posibilite pou yo respire, ak tout sa yo bezwen pou yo viv. Li pa bezwen èd nan men pèsonn. Li gen tout sa l bezwen.


Jan Bib la di l la: “Premye Adan an, se te yon senp moun ki te resevwa lavi.” Dènye Adan an, ranpli ak Sentespri ki bay lavi.


Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!


Se li sèl ki p ap janm mouri. Li rete nan yon limyè kote pèsòn pa kapab pwoche. Pèsòn pa janm wè l, pèsòn p ap janm wè l. Lonè, ak puisans se pou li pou tout tant! Amèn.


Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen.


Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a.


Zanj lan montre m yon gwo larivyè dlo ki bay lavi. Li klè menm jan ak kristal. Rivyè dlo sa a soti nan fotèy Bondye a, ansanm ak Ti Mouton an.


Lespri Bondye, ansanm ak lamarye a, yo di: “Vini non!” Se pou moun ki tande di: “Vini non!” Se pou moun ki swaf vin bwè. Se pou nenpòt moun ki vle dlo lavi a vin pran gratis.


Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.


跟着我们:

广告


广告