Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 5:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Sa m ap di nou la a, se vre, nou ta dwe kwè sa. Epi kite m di nou yon lòt bagay, gen yon jou enpòtan k ap vini. Jou sa a gentan la. Moun ki mouri va tande vwa Pitit Bondye a. Epi moun ki tande se yo ki va gen lavi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 — Anverite gen yon lè k'ap rive, li deja rive, mò yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout mò ki tande vwa a, yo pral reviv ankò.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.

参见章节 复制




Jan 5:25
19 交叉引用  

Paske pitit gason m nan te mouri, kounye a li resisite. Li te pèdi, kounye a nou rejwenn ni. Epi yo kòmanse fete.


Men li te nesesè jodi a pou nou fete, pou nou rejwi, paske frè w la te mouri, li resisite; li te pèdi, nou rejwenn ni.”


Jezi reponn li: “Kite moun mouri yo antere moun mouri parèy yo. Men ou menm, al pwoklame wayòm Bondye a pito.”


Anvan fèt Pak la, Jezi te deja konnen lè l te rive pou l kite lemonn pou l ale kote Papa l, li te toujou renmen moun li chwazi pou disip li yo. Lè sa a, li ba yo yon prèv lanmou san mezi.


Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou,


Jezi reponn li: “kwè m si ou vle, madanm! Lè a rive, kote se pa ni anwo mòn sa a ni Jerizalèm moun pral adore Bondye Papa a.


Men, gen yon jou k ap vini, epi jou a rive deja, vrè adoratè Bondye yo pral adore Bondye Papa a anba kontwòl Sentespri a epi selon verite a. Se kalite adoratè sa yo menm Bondye Papa a ap chache pou adore l.


Menm jan Papa a resisite moun mouri, epi li ba yo lavi, se kon sa Pitit la bay moun li vle lavi tou.


Pa sezi. Gen yon jou k ap vini kote tout moun ki mouri pral tande vwa Pitit la.


Lè disip Jezi yo tande sa, anpil nan yo di: “Ansèyman sa a di, ki moun ki kapab aksepte sa?”


Pou kisa nou pa kapab konprann langaj mwen? Paske nou pa kapab aksepte ansèyman m.


Moun ki soti nan Bondye koute sa Bondye di. Rezon ki fè nou pa koute se paske nou pa soti nan Bondye.”


Nonm nan reponn yo: “Mwen gentan di sa deja, epi nou pa koute; pou kisa nou vle tande m di sa ankò? Èske nou menm nou ta vle vin disip li tou?”


Konsa, lè nou te batize a, nou te antere ak Kris epi se kòm si nou te mouri avè l. Epi, menm jan Kris te resisite a, gras ak mèvèy pouvwa Papa a, menm jan an tou, nou ka viv yon lavi tou nèf.


Te gen yon lè, nou te mouri espirityèlman poutèt peche nou yo epi bagay nou fè ki mal kont Bondye.


Nou te mouri espirityèlman poutèt tout sa nou te fè ki mal kont Bondye. Men, Bondye ban nou lavi ansanm ak Kris la. Se grenmesi gras Bondye ki fè nou sove.


Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi! Leve nan mitan moun ki mouri yo, epi Kris ap klere w.”


Nou menm, se moun mouri nou te ye poutèt fot nou yo ak poutèt nou pa t sikonsi. Men Bondye resisite nou ansanm ak Kris. Li padone tout fot nou yo.


Ekri voye bay anj legliz Sad la. Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo di: Mwen konnen zèv ou yo. Ou gen repitasyon moun vivan, men ou se yon moun mouri.


跟着我们:

广告


广告