Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 5:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 — Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.

参见章节 复制




Jan 5:24
28 交叉引用  

Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”


Nenpòt ki kwè epi ki batize va sove, men moun ki pa kwè ap kondane.


Epi, tout moun ki vivan epi ki kwè nan mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”


Lè sa a, Jezi deklare byen fò: “Moun ki kwè nan mwen se pa nan mwen l kwè, se nan moun ki voye m nan li kwè.


Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.


Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl.


Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a.


Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”


Moun k ap ranmase rekòt la ap touche salè yo. Y ap rasanble fwi pou lavi etènèl. Konsa moun k ap plante a ak moun k ap ranmase rekòt la kapab rejwi ansanm.


Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”


Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl.


Men sa m ap di, m ap di se mwen menm ki pen ki soti nan syèl la. Menm jan li te soti nan syèl, moun te ka manje ladan epi yo te ka viv, mwen vini pou nou kapab viv.


Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.


Se sa Pen ki desann soti nan syèl la vle di. Se pa menm jan ak pen zansèt nou yo te manje a. Pen sa a pa t anpeche yo mouri. Moun k ap pran plezi pou l manje pen m ap pale a, l ap viv pou tout tan.”


An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”


Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikris yo.


Bondye pa t chwazi nou pou l ka pini nou. Li chwazi nou pou nou te ka jwenn delivrans pa mwayen Senyè nou Jezikris.


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Pouvwa Bondye ap pwoteje nou poutèt lafwa nou epi l ap kenbe nou ansekirite jouk li ban nou delivrans lan nan dènye jou yo.


Nou konnen nou kite lanmò pou nou antre nan lavi, paske nou renmen frè ak sè nou yo. Men moun ki pa genyen lanmou, li rete nan lanmò.


Nenpòt moun ki kwè Jezi se Kris la, li se pitit Bondye, epi nenpòt ki moun ki renmen Papa a, li renmen pitit Papa yo tou.


跟着我们:

广告


广告