Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 5:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Men jezi reponn yo: “Se vre! Amèn! Men m ap di tou: Pitit la pa kapab fè anyen poukont li. Li fè sa l wè Papa l ap fè sèlman.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Lè sa a, Jezi reponn yo: — Vrèmanvre, Pitit Bondye a pa fè anyen ki pa soti nan Papa a. Sa li wè Papa a fè, se sa li fè tou. Paske sa Papa a fè, pitit la fè li parèy.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an.

参见章节 复制




Jan 5:19
43 交叉引用  

Li fè yon ti avanse pi devan, li lage kò l atè fas anba, epi l kòmanse priye: “Papa, si se posib, pa kite m pase anba kalite soufrans sa a. Men, se pa sa m vle ki pou fèt, se sa ou vle.”


Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo.


Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”


Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di.


Mwen konnen sa l mande fè bay lavi etènèl. Se poutèt sa, mwen di sa m ap di, menm jan papa m di l.”


Èske w pa kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen? Pawòl m ap di yo, mwen pa pale pou pwòp tèt pa m, men se Papa a ki nan mwen k ap fè sa m ap fè yo.


Jezi reponn yo: “Detwi tanp sa a, epi m ap rebati l nan twa jou.”


Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”


Menm jan Papa a resisite moun mouri, epi li ba yo lavi, se kon sa Pitit la bay moun li vle lavi tou.


Bondye voye m vin soti nan syèl pou m fè sa Bondye vle, pa sa mwen vle.


Jezi di yo konsa: “Lè n a fin leve Pitit Lòm nan mete anlè sou yon kwa, n a konnen ki moun mwen ye, epi n a konnen mwen pa fè anyen ak pwòp otorite m, men mwen di sa Papa a te anseye m.


Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò.


Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l.


Konsa, lè nou te batize a, nou te antere ak Kris epi se kòm si nou te mouri avè l. Epi, menm jan Kris te resisite a, gras ak mèvèy pouvwa Papa a, menm jan an tou, nou ka viv yon lavi tou nèf.


Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.


Men mesaj nou preche tout moun: Kris leve soti vivan anba lanmò. Kounye a, poukisa gen kèk moun pami nou ki di pa gen rezirèksyon pou mò yo?


Bondye resisite Jezi Senyè a, epi nou konnen li gen pou l resisite nou tou ansanm avèk Jezi. Bondye gen pou l mete ou menm ak nou ansanm pou nou ka parèt ansanm nan prezans li.


Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.


Nou te mouri espirityèlman poutèt tout sa nou te fè ki mal kont Bondye. Men, Bondye ban nou lavi ansanm ak Kris la. Se grenmesi gras Bondye ki fè nou sove.


M ap mande Bondye Papa a, dapre richès glwa li, pou l fòtifye nou nan mantal nou, pa mwayen Sentespri li.


Li gen pou li chanje vye kò feblès nou yo, pou li fè yo vin menm jan ak kò glorifye li genyen an. Kris va fè sa ak pouvwa li genyen pou l gouvène tout bagay.


Mwen kapab fè fas ak nenpòt ki sitiyasyon poutèt Kris k ap ban mwen fòs.


Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini.


Se ak puisans Pitit la Bondye te kreye tout bagay ki egziste, kit sa ki nan syèl moun pa ka wè, kit sa ki sou latè moun ka wè, wa yo, gwo chèf yo, pouvwa yo, otorite yo, tout bagay nèt te fèt pa mwayen Pitit la, epi pou Pitit la.


Nou kwè Jezi te mouri, men nou kwè tou li te resisite. Konsa nou kwè Bondye ap resisite, pa mwayen Jezi, sila yo ki te gen konfyans nan li epi ki te mouri, l ap rasanble yo pou yo ansanm avè l.


Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo. Li menm ki te inosan, li mouri pou koupab yo, pou l mennen yo bay Bondye. Moun yo te touye l, men Sentespri Bondye a te resisite l.


M ap touye moun k ap swiv li yo. Konsa, tout legliz yo va konnen sa moun panse ak sa moun santi. Pou nou tout, m ap fè chak moun pote konsekans aksyon li yo.


跟着我们:

广告


广告