Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 5:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Jezi te fè tout bagay sa yo nan jou repo a. Se poutèt sa Jwif yo t ap chache wè kijan yo ta simen boulvès pou bay Jezi pwoblèm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou saba.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Alò pou rezon sa a, Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.

参见章节 复制




Jan 5:16
15 交叉引用  

Apre sa Jezi di nonm ki te gen men pòk la: “Lonje men w!” Nonm nan lonje men li, epi men pòk la te vini menm jan ak bon men an.


Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.


Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.


Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?”


Lè sa a, yo te eseye arete Jezi ankò, men li chape poul li.


Sonje byen sa m te di nou: Yon esklav pa gen plis enpòtans pase mèt li. Si yo te pèsekite m, y ap pèsekite nou tou, si yo te obeyi ansèyman m yo, y ap obeyi ansèyman nou yo tou.


Se poutèt sa kèk Jwif te di nonm ki te geri a: “Jodi a se saba. Pote kabann ou nan jou repo a, se yon bagay ki kont Lalwa nou an.”


Men nonm ki te geri a pa te konnen kilès moun ki te geri l la te ye. Te plen moun la, epi Jezi te gentan ale.


Alò nonm nan pati retounen jwenn Jwif yo ki t ap poze li kesyon yo. Li di yo se Jezi ki te geri li.


Men li di yo: “Papa m pa janm sispann travay, se kon sa mwen menm tou m ap travay.”


Sa fè Jwif yo t ap chache pi plis pou touye l. Yo te di “Premyèman, nonm sa a pa obsève Lalwa sou jou repo a. Epi Li di Bondye se Papa l. Li fè pwòp tèt pa l egal ak Bondye.”


Jezi di yo: “Mwen te fè yon mirak yon jou saba, epi nou tout te choke.


Kèk nan moun Jerizalèm yo di: “Men nonm y ap eseye wè si yo ta touye a.


跟着我们:

广告


广告