Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 4:53 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

53 Papa pitit la te konnen se te nan menm lè sa a Jezi te di l: “Pitit ou a geri.” Se kon sa li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

53 Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l: Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

53 Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi tout lakay li ansanm avèk li.

参见章节 复制




Jan 4:53
12 交叉引用  

Epi Jezi di ofisye women an: “Ou mèt al lakay ou! Tout bagay ap rive jan w kwè l la.” Nan menm lè sa a sèvitè a te geri.


Lè sa Jezi di Zache: “Jodi a se jou pou fanmi ki nan kay sa a delivre anba peche yo. Se vre wi, paske menm pèseptè kontribisyon sa se yon pitit Abraram tou.


Etan l te sou wout ap retounen lakay li, sèvitè l yo vin rankontre l. Yo di li: “Pitit ou a geri.”


Ofisye a mande: “Bò ki lè kon sa li te kòmanse fè mye?” Yo reponn li: “Ayè, a inè apremidi, lafyèv la te tonbe.”


Pawòl Simon va di w yo ap ede w sove ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.


Sa te fè Lidi ansanm ak tout moun lakay li resevwa batèm. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: “Si nou kwè toutbon mwen mete konfyans mwen nan Senyè a, se pou nou fè ladesant lakay mwen.” Se fòse l te fòse nou fè ladesant lakay li.


Chèf prizon an fè Pòl ak Silas monte lakay li, li ba yo manje. Tout moun nan kay la te kontan anpil dèske yo te kwè nan Bondye kounye a.


Poutan, Krispis ki te chèf Sinagòg la, li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezikris. Anpil lòt moun nan Korent ki t ap tande Pòl te kwè tou epi yo te resevwa batèm.


Pwomès la se pou nou, se pou pitit nou yo, se pou tout moun ki byen lwen, tout kantite moun Senyè a, Bondye nou an ta rele vin jwenn li.”


跟着我们:

广告


广告