Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 4:48 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

48 Alò, Jezi di li: “Nou menm, tout tan nou pa wè gwo mirak ak mèvèy nou p ap janm kwè.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

48 Jezi di l konsa: — Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

48 Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”

参见章节 复制




Jan 4:48
29 交叉引用  

Farizyen yo ak Sadiseyen yo te pwoche bò kote Jezi, yo te vle pase Jezi yon tès. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.


Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.


“Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se wa Izrayèl vre se pou l desann kwa a. Lè sa n ap kwè nan li.


Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.


Jezi di yo konsa: “Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou yon zèklè.


Men Abraram reponn: Si frè w yo p ap obeyi ni lalwa Moyiz la ni ekri pwofèt yo, yo p ap tande nonplis menmsi yon moun mouri ta leve vin pale ak yo.”


Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li


Si m pa t fè devan je yo bagay okenn lòt moun pa t janm fè, yo pa t ap koupab. Men kounye a, malgre yo wè sa m fè, yo kontinye rayi ni mwen ni Papa m.


Jwif yo te reponn li konsa: “Fè yon mirak kòm yon siy ki soti nan Bondye. Ban nou prèv ou gen dwa fè bagay sa yo.”


Jezi di l konsa: “Paske w wè m ou kwè, benediksyon pou moun ki pa wè men ki kwè.”


Ofisye wa a di: “Mèt, vini vit non, anvan pitit gason m nan mouri.”


Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre.


Apre sa, tout gwoup la rete an silans epi Banabas ak Pòl rakonte yo tout mirak ak tout bèl bagay Bondye pèmèt yo fè nan mitan moun ki pa Jwif yo.


Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, ak gwo mirak anba sou latè. Va gen san, dife ansanm ak gwo nyaj lafimen.


Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen.


Bondye te pèmèt apot yo fè anpil mirak ak anpil bèl bagay devan je moun yo, sa te fè moun yo vin gen anpil respè pou Bondye.


Lonje men w pou fè moun malad geri, fè mirak ak anpil lòt bèl bagay rive pa mwayen pouvwa Jezi, sèvitè w la ki te viv apa pou ou a.”


Apot yo t ap fè anpil mirak ak anpil gwo mèvèy pami pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba yon galeri nan tanp lan yo rele galeri Salomon epi yo tout te gen menm objektif nan travay la.


Bondye te beni Etyèn anpil. Bondye te ba li anpil puisans, konsa, li t ap fè anpil bèl bagay ak anpil mirak nan mitan pèp la.


Se Moyiz ki te mennen pèp la soti kite peyi Lejip. Li te fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan peyi Lejip la menm, devan lanmè wouj la, nan dezè a, pandan karant (40) ane.


ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt.


Jwif yo mande mirak kòm prèv, epi moun ki pa Jwif ap chache sajès,


Avèk anpil pasyans, lè m te avèk nou, mwen te fè tout sa ki pwouve mwen se yon apot. Te gen tout kalite mirak, siy ak pwodij yon apot.


Se ak fòs Satan malveyan an ap vini. Li gen pou li vini ak anpil fòs, li gen pou li fè tout kalite mirak, demonstrasyon, gwo mèvèy.


Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.


跟着我们:

广告


广告