Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 4:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Bondye se Lespri. Konsa, moun k ap adore Li dwe adore li anba kontwòl Sentespri epi selon verite a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Bondye, se Lespri. Fòk tout moun k'ap adore li, adore sou gid Sentespri a ak nan laverite.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”

参见章节 复制




Jan 4:24
13 交叉引用  

Men, gen yon jou k ap vini, epi jou a rive deja, vrè adoratè Bondye yo pral adore Bondye Papa a anba kontwòl Sentespri a epi selon verite a. Se kalite adoratè sa yo menm Bondye Papa a ap chache pou adore l.


Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.


Senyè a, nan kontèks sa a, se Sentespri a. E lè Lespri Senyè a yon kote, li pote libète.


Paske lè nou byen gade epi lè nou byen reflechi, nan yon sans espirityèl se nou menm ki sikonsi, nou menm k ap adore Bondye selon Sentespri a. Nou pa mete konfyans nou ni nan tèt nou ni nan sa nou fè, men nou ka santi n fyè dèske se nan Jezikris nou mete konfyans nou.


Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!


跟着我们:

广告


广告