Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 4:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Nou menm Samariten yo, nou adore sa nou pa konnen. Nou menm Jwif, nou adore sa nou konnen, paske delivrans la soti pami Jwif yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap sòti.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.

参见章节 复制




Jan 4:22
20 交叉引用  

Nou te wè tout bagay sa yo rive nou ka sèvi temwen. Se pou n al di tout pèp yo pou yo chanje lavi yo epi tounen vin jwenn Bondye, kon sa y a jwenn padon pou peche yo. Se pou nou kòmanse nan Jerizalèm, pou n bay mesaj sa a nan non mwen ak tout pèp, tout nasyon.


Paske, pandan m ap vizite vil nou an, m ap gade kote nou abitye adore yo, m wè yon lotèl ki gen pawòl sa yo make sou li: pou bondye nou pa konnen an. Ebyen, Bondye sa a n ap adore san nou pa konnen l lan, se de li m ap pale nou la a.


Nan tan lontan, moun pa t konnen kilès Bondye ye, li pa t kenbe sa kont yo. Men, kounye a, l ap fè tout moun nan lemonn konnen yo bezwen chanje epi tounen vin jwenn li.


Se kon sa Bondye voye Jezi, sèvitè l la. Li voye l ban nou an premye, pou l beni nou epi pou l fè nou kite move fason nou t ap viv la.”


pa fè lwanj tèt ou pou w pa panse ou pi bon pase branch sa yo ki te koupe mete a kote. Si ou santi w fyè, pa bliye, se pa ou ki bay rasin yo manje, se rasin yo ki ba ou manje.


跟着我们:

广告


广告