Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 3:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Sèl lavi paran yon moun kapab ba li se lavi fizik. Men, lavi Sentespri bay la se nan Lespri li soti.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Se ki ne selon lèzòm se lachè lèzòm li ye. Sa ki ne selon Sentespri se nan Sentespri li soti.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri.

参见章节 复制




Jan 3:6
25 交叉引用  

Yo vin pitit Bondye, men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit. Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa, men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.


Pa sezi poutèt mwen di w fòk ou fèt yon lòt fwa.


Wi, m konnen pa gen anyen ki bon nan mwen, m vle di nan feblès lachè mwen. Pou mwen menm, m vle fè sa ki byen, men m pa rive fè l.


(Remèsiman pou Bondye pa mwayen Jezikris, Senyè nou an!) Konsa, nan lespri m, mwen esklav Lalwa Bondye, men nan feblès lachè mwen, mwen esklav lalwa peche a.


Nan tan pase, nou te anba pouvwa feblès lachè, paske Lalwa te fè nou anvi fè sa ki mal. Dezi peche te kontwole kò nou. Poutèt sa, nou t ap poze aksyon ki mennen nou nan lanmò.


Si nou pase lavi nou ap fè sa feblès lachè vle, n ap mouri nan vi espirityèl nou. Men si n kite Sentespri a ede n fini ak move bagay lachè yo, n ap genyen vrè lavi a.


Moun ki ini avèk Senyè a vin fè youn avèk li nan lespri.


Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo!


Moun ki moun pa Jezikris, yo krisifye tout vye dezi kò a. Yo abandone tout vye dezi ansanm ak tout bagay moun toujou vle fè yo.


Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv kon sa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.


Lè nou te vin jwenn Kris, nou te sikonsi yon fason ki pa menm ak fason yo sikonsi moun ak men. Sa vle di, nou te pran pa nan lanmò Kris la. Yo te maltrete kò li epi nou te vin menm jan avè l, nou te sikonsi menm jan li te sikonsi a.


Nenpòt moun ki soti nan Bondye p ap kontinye fè peche, paske nouvo lavi Bondye ba li a rete nan li, li pa kapab ap fè peche, paske se nan Bondye li soti.


跟着我们:

广告


广告