Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 3:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

参见章节 复制




Jan 3:17
36 交叉引用  

“Tande koze wi! Jèn fi ki pa ko nan gason an pral ansent, l ap fè yon pitit gason, y a rele l Emanyèl.” (Non sa a vle di Bondye avèk nou).


Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la.


Pitit Lòm nan vini pou l chache epi sove moun ki pèdi yo.”


Apre sa, yo ale nan yon lòt bouk.


Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn.


Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè.


Alaverite, mwen konnen ou toujou reponn priyè m, men m pale kon sa poutèt foul moun sa yo ki anviwonnen m nan, pou yo kapab kwè se ou ki te voye m.”


Menm jan ou te voye m nan lemonn, se kon sa mwen voye yo tou.


Papa, m ap priye pou tout moun ou ban mwen yo fè youn. Menm jan ou menm, ou nan mwen, mwen nan ou, se pou yo fè yon sèl nan nou. Konsa moun ki nan lemonn kapab kwè se ou menm ki voye m.


Mwen nan yo, menm jan ou menm ou nan mwen. Se pou yo rive fè youn nèt ale. Konsa, moun nan lemonn ka rekonèt se ou ki te voye m, epi tou ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.


Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen.


Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a.


Paske pawòl mwen te pale yo se pawòl pa w ou te ban mwen. Yo aksepte pawòl ou yo. Yo konnen mwen soti kote w toutbon vre, yo kwè se ou ki voye m.


Yon lòt fwa ankò, Jezi di yo: “La pè avèk nou. Menm jan Papa a te voye m, kon sa mwen menm mwen voye nou tou.”


Bondye voye Kris la epi li fè konnen sa Bondye di. Bondye ba li tout pouvwa Sentespri a.


Men mwen gen yon temwanyaj pou mwen ki pi gran pase tout sa Janbatis te di. Bagay m ap fè yo se temwanyaj mwen. Se sa Papa m te ban m fè. Yo temwanye Papa a te voye m vrèman vre.


Ansèyman Papa a pa rete nan nou, paske nou pa kwè nan moun Papa a voye a.


Pa mete nan tèt nou se mwen ki pral kanpe devan Papa Bondye pou m akize nou. Se Moyiz k ap akize nou. Epi se li nou te panse ki t ap sove nou.


Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.”


Bondye voye m vin soti nan syèl pou m fè sa Bondye vle, pa sa mwen vle.


Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”


Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm.


Mwen konnen l paske se kote l mwen soti, epi se li menm ki voye m.”


Madam nan reponn: “Non Senyè!” Lè sa a Jezi di li: “Mwen menm tou, mwen pa kondane w. Ou mèt ale, men yon sèl bagay, pa peche ankò.”


Jezi reponn yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m. Paske se Bondye ki voye m, mwen pa vini pou pwòp tèt mwen, men se li menm ki voye m.


Se pa mwayen sakrifis Jezi a peche nou padone. Epitou, se pa sèlman peche pa nou yo, men tou, peche tout moun.


Nou menm nou te wè li epi n ap rakonte kijan Bondye Papa a te voye Pitit la pou l sove mond lan.


跟着我们:

广告


广告