Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 3:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Pèsonn pa janm monte nan syèl, eksepte moun ki te desann soti nan syèl la, Pitit Lòm nan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Pèsonn pa janm moute nan syèl la, esèpte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann sòti nan syèl la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 “Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.

参见章节 复制




Jan 3:13
24 交叉引用  

Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”


Lè sa a, Jezi reponn li: “Rena yo gen twou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”


Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.


Poutèt Jezi konnen Papa l te remèt li tout bagay, se Bondye ki te voye l epi l ap retounen jwenn Bondye,


Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.


Mwen pale avèk ou sou bagay latè, men ou pa kwè mwen. Alò kijan ou ka fè kwè si m ta pale w sou bagay ki nan syèl la?


Moun ki vini soti anwo a pi gran pase tout moun. Moun ki soti anba se moun latè li ye. Li pale sou bagay latè. Men moun ki soti nan syèl la pi gran pase tout moun.


Pen Bondye bay la se sa ki soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi.”


Bondye voye m vin soti nan syèl pou m fè sa Bondye vle, pa sa mwen vle.


Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?”


Mwen pa vle di te janm gen yon moun ki te wè Bondye Papa a. Yon sèl moun ki te janm wè Bondye Papa a, se moun Bondye voye a. Li menm, li wè Bondye Papa a.


Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.


Alò kisa nou va panse lè nou va wè Pitit Lòm nan monte ale kote li te soti a?


Jezi reponn yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m. Paske se Bondye ki voye m, mwen pa vini pou pwòp tèt mwen, men se li menm ki voye m.


Se pa David ki te monte nan syèl la. Okontrè, men sa David te di: Bondye di Senyè m nan: Chita sou bò dwat mwen,


Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a tankou bèje pran swen twoupo, yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li.


Men sa Pawòl Bondye di sou fason yon moun vin jis devan Bondye pa mwayen fidelite Jezi: “Pa mande tèt ou: Ki moun k ap monte nan syèl?” (Se ta pou l fè Kris desann sou latè.)


Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan an soti nan syèl.


Legliz la se kò Kris la. Kris ranpli Legliz la, epi li ranpli tout bagay ladan l nèt.


跟着我们:

广告


广告