Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 3:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Mwen di w sa franchman, nou pale sa nou konnen, nou temwanye sa nou wè, men nou menm pèp Izrayèl, nou pa resevwa temwanyaj nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Anverite, anverite, Mwen di ou, nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.

参见章节 复制




Jan 3:11
31 交叉引用  

Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle!


Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Li te vini pami moun pa l yo, men moun pa l yo pa t resevwa li.


Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.


Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di.


Moun ki pa renmen m p ap mete pawòl mwen an pratik, epi pawòl sa yo n ap tande a pa soti nan mwen, yo soti nan Papa m ki voye m nan.


Mwen pale avèk ou sou bagay latè, men ou pa kwè mwen. Alò kijan ou ka fè kwè si m ta pale w sou bagay ki nan syèl la?


Pèsonn pa janm monte nan syèl, eksepte moun ki te desann soti nan syèl la, Pitit Lòm nan.


Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”


Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.


Mwen vini soti bò kote Papa m epi mwen pale nan non li. Malgre tout sa, nou pa aksepte m. Epi lè lòt moun vini pale pou pwòp tèt yo, nou aksepte yo san pwoblèm.


Jezi reponn: “Sa m ap anseye pa soti nan mwen menm. Ansèyman mwen soti nan moun ki voye m nan.


Jezi reponn, li di yo: “Menmsi m ap pale de tèt mwen, sa m ap di a kòrèk, paske m konn kote m soti ak kote m prale. Men nou menm, nou pa konnen kote m soti ni kote m prale.


Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.”


Mwen menm, mwen pale de sa Papa m montre m, men nou menm, nou fè sa pwòp papa pa nou di nou fè.”


M wè Senyè a parèt devan m, li di m: Prese kite Jerizalèm kounye a menm. Moun Jerizalèm yo p ap aksepte verite temwanyaj w ap bay pou mwen an.


Chèf mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.


ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè. Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo.


Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:


跟着我们:

广告


广告