Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 21:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Jezi reponn li: “Si m vle l rete vivan jouktan m vini, ki mele w sa? Ou menm, se swiv pou ou swiv mwen.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Jezi reponn li: — Si m vle li rete vivan jouk lè m gen pou m tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, swiv Mwen!”

参见章节 复制




Jan 21:22
20 交叉引用  

Apre sa, Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle swiv mwen, fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.


Menm jan yon kout zèklè flache syèl la tout moun ka wè l, se menm jan l ap ye lè Pitit Lòm nan ap vini.


Pandan Jezi chita sou mòn Olivye a, disip li yo vin kote l an prive. Yo mande l: “Di nou ki lè bagay sa yo gen pou rive? Di nou tou ki siy k ap anonse retou ou ak lafendimond?”


Se poutèt sa, nou menm tou, nou bezwen pare, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa panse.


Lè Pitit Lòm nan vini ak tout otorite l ansanm ak tout anj li yo, l ap chita sou yon twòn ki montre tout glwa li.


Men Jezi reponn li: “Swiv mwen! Kite moun mouri yo antere pwòp mò yo.”


Apre sa Jezi di: “Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”


Jezi te pale kon sa pou l te kapab fè konprann kijan Pyè ta gen pou l mouri pou fè lwanj pou Bondye. Apre pawòl sa a, Jezi di li: “Swiv mwen.”


Lè l wè li, Pyè di Jezi: “E li menm, Senyè, kisa k ap rive l?”


Sa vle di: chak fwa nou manje pen sa a epi nou bwè nan koup diven sa a, se istwa lanmò Senyè a n ap fè lòt moun konnen jouktan li retounen.


Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.


Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen.


Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli.


Nou menm tou, an n pran pasyans! Ann pran kouraj, Senyè a pa lwen vini!


Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!


Sèlman, sa k nan men nou an, kenbe l fèm jouktan m vini.


Moun ki bay garanti pou bagay sa yo di: “Wi, m ap vini talè.” Amèn! Vini non, Senyè Jezi!


Jezi di yo: “Koute, m ap vini nan yon ti tan ankò. Va gen anpil benediksyon pou moun ki fè sa pwofèt yo di nan liv sa a.”


M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou.


跟着我们:

广告


广告