Jan 21:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil18 An verite, an verite, mwen di w, lè ou te jenn gason, ou te mare senti w, ou ale kote ou vle. Men lè w vin granmoun, ou ap lonje men w epi se yon lòt moun k ap mare senti w pou ou, epi yo va mennen ou kote w pa ta vle ale. 参见章节1998 Haïtienne18 Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn, ou te konn fè tout zafè ou poukont ou. Ou te konn ale kote ou vle poukont ou. Men lè w'a fin granmoun nèt, w'a leve bra ou, se moun ki va pase sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen18 Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.” 参见章节 |