Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 21:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Yon dezyèm fwa, Jezi di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.” Jezi di l: “Se pou ou yon bèje pou mouton m yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Li mande li yon dezyèm fwa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn li: — Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Fè ou gadò mouton mwen yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.” Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”

参见章节 复制




Jan 21:16
18 交叉引用  

Ou menm Bètleyèm, ki nan teritwa Jida. Se sèten ou konte pami gwo vil Jida yo. Paske gen yon gwo chèf k ap soti lakay ou. L ap tankou yon bèje nan tèt Izrayèl, pèp mwen an.”


Apre sa tout nasyon sou latè pral rasanble devan li. L ap separe yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit.


Pyè demanti dam nan. Epi fwa sa a, li fè sèman pou l di: “M pa janm konnen nonm sa a.”


Pitit Lòm nan vini pou l chache epi sove moun ki pèdi yo.”


Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?” Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”


Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?” Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”


Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?” Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.”


Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a tankou bèje pran swen twoupo, yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li.


Se pou Bondye, ki se sous lapè a, ban nou tout sa nou gen bezwen pou n ka fè volonte l. Se Bondye li menm ki te resisite Jezi Senyè nou an, pi gran Bèje mouton l yo. Li te ofri san l kòm garanti pou kòmanse yon nouvo kontra ki pa gen fen. Se pou Bondye kontinye fòme nou pa mwayen Jezikris pou n toujou fè bon bagay ki fè l plezi. Se li menm ki merite glwa pou tout letènite. Amèn!


Nou te tankou “mouton ki pèdi wout nou”. Men kounye a, nou retounen vin jwenn Gadò nou an, sila a k ap veye sou lavi nou an.


Aji tankou gadò sou bann mouton Bondye mete sou kont nou yo. Pa veye sou yo poutèt yo fòse nou, men veye sou yo paske se sa Bondye vle. Pa fè sa nan lide pou nou fè kòb, men fè l ak tout kè nou.


Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.


跟着我们:

广告


广告