Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 21:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Jezi di yo konsa: “Mesye, vin manje.” Pa t gen youn nan disip yo ki te oze mande l ki moun li ye. Yo te konnen byen se te Senyè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Jezi di yo: — Vin manje. Yo yonn nan disip yo pat gen kouray mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Senyè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Jésus te di yo: “Vin pran ti dejene.” Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.

参见章节 复制




Jan 21:12
9 交叉引用  

Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.


Men disip yo pa t konprann sa l te vle di, men tou yo te pè mande l sa pawòl la vle di.


Men disip yo pa t konprann anyen nan sa l te di yo a. Sans pawòl la te kache pou yo pa t konprann li. Men disip yo te pè poze Jezi kesyon sou sa l te di a.


Jezi te konprann yo te vle poze l kesyon, li di yo: “Èske se chache n ap chache konprann sa sa vle di yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m?


Simon Pyè monte ankò nan kannòt la, li rale filè a atè, li te plen ak sansenkant twa gwo pwason. Epi menm avèk tout pwason sa yo, filè a pa t chire.


Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen m plis pase moun sa yo?” Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.” Lè sa a, Jezi di l: “Pran swen mouton m yo.”


Menm lè a, disip yo vin rive. Yo te sezi wè Jezi t ap pale ak yon fanm. Men, pèsonn pa t oze mande li: “Ki sa ou ap chache?” ni “Pou kisa ou ap pale avè l?”


Se pa tout moun nan pèp Jwif la ki te wè li, men nou menm Bondye te chwazi pou rann temwanyaj la, nou manje ak li, nou bwè ak li apre l te fin resisite a.


跟着我们:

广告


广告