Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 20:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Pou di vre, yo pa t ko konprann Bib la ki te vle di Jezi te dwe resisite soti nan lanmò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 (Disip yo pat ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l te leve sòti vivan pami mò yo.)

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Paske jiska moman sa a, yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.

参见章节 复制




Jan 20:9
22 交叉引用  

Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye.


Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?”


Men disip yo pa t konprann anyen nan sa l te di yo a. Sans pawòl la te kache pou yo pa t konprann li. Men disip yo te pè poze Jezi kesyon sou sa l te di a.


Lè Jezi resisite, disip yo sonje li te di sa. Yo te kwè nan sa ki te ekri nan Bib la epi nan pawòl Jezi te di yo.


Li ede yo konprann Kris la te gen pou l mouri epi li t ap leve vivan pami mò yo, dapre sa k te ekri nan Liv yo. Li di yo: Jezi sa a m ap pale de li a, se li menm ki Mesi a.


Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l.


Yo te antere l epi li resisite sou twazyèm jou a jan Bib la di l la.


跟着我们:

广告


广告