Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 20:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Premye jou nan senmenn nan, nan devanjou, li pa t ko fin fè klè nèt, Mari, moun Magdala a, te ale nan kav la. Li gade, li wè wòch bouch kav la woule, kav la louvri.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Nan dimanch maten, byen bonè, li pat ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan.

参见章节 复制




Jan 20:1
19 交叉引用  

Pami yo nou jwenn Mari, moun Magdala a, Mari manman Jak ak Jozèf, epi manman Jak ak Jan pitit Zebede yo.


epi l al antere l nan yon kavo tou nèf, li te fèk fè fouye nan yon karyann. Li woule yon gwo wòch pou fèmen bouch kavo a, epi l al lakay li.


Konsa n ap mande w pou pase sòlda yo lòd, pou yo byen veye kavo a pandan twa jou. Konsa, disip li yo pa t ka vin vòlè kò epi fè moun kwè mèt yo resisite. Dènye magouy sa a t ap pi rèd pase premye a.”


Yo ale nan plas kot kavo a ye pou yo ba l sekirite. Yo poze sele sou gwo wòch ki fèmen bouch kavo a, epi yo mete sòlda veye l.


Nan demen apre jou Saba a, dimanch maten byen bonè, Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te fè yon pase gade kavo a.


Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li.


Se kon sa Jozèf achte twal len, li desann Jezi sou kwa a, li vlope kò a nan twal len yo epi li mete Jezi nan yon kavo yo te taye nan wòch. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a.


Apre Jezi te fin resisite byen bonè nan dimanch maten an, li parèt anpremye devan Mari, moun Magdala a. Se sou li Jezi te chase sèt demon.


Lè sa a, se fann kè Jezi t ap fann yon lòt fwa ankò. Li rive nan tonm nan. Se te yon kavo fouye nan yon wòch epi yon lòt wòch te kouvri bouch kavo a.


Yo retire wòch la epi lè sa a, Jezi leve je l anlè, li di: “Papa, mwen remèsye w, paske ou te reponn priyè mwen.


Manman Jezi te kanpe bò kwa Jezi a. Yon sè manman an te kanpe la tou ansanm ak Mari, ki te madanm Klopas, avèk Mari, moun Magdala a.


Apre uit jou, disip yo te reyini ankò nan yon kay. Lè sa a, Toma te la avèk yo. Jezi vin kanpe nan mitan yo epi li di yo: “La pè avèk nou.”


Nan dimanch, nou tout te reyini pou n manje pen an ansanm, epi Pòl t ap pale ak gwoup la. Kòm li te gen pou l pati nan demen, Pòl pwolonje diskou l la jiska minui.


Chak dimanch, se pou chak moun kontribye ak yon pati nan sa Bondye ba li kòm benediksyon, epi mete l apa nan yon plas espesyal. Fè l kon sa pou nou pa oblije ramase tout ofrann nan yon sèl kou lè m vini.


Nan jou Senyè a, Sentespri Bondye te pran kontwòl mwen nèt, epi m tande yon vwa ki te sonnen byen fò, menm jan ak yon kout twonpèt.


跟着我们:

广告


广告