Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 2:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Lè Jezi resisite, disip yo sonje li te di sa. Yo te kwè nan sa ki te ekri nan Bib la epi nan pawòl Jezi te di yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Lè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.

参见章节 复制




Jan 2:22
13 交叉引用  

Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?”


Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”


Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.


Men, Konsolatè a, Sentespri a Papa a ap voye nan non m nan, l ap anseye nou tout bagay epi l ap fè n sonje tout sa m te konn ap di nou.


Men mwen di nou sa pou lè jou a rive nou ka sonje m te di nou sa. Mwen pa t pale sou pwoblèm ki gen pou vini yo depi nan kòmansman, paske m te la avèk nou.


Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.


Disip li yo sonje sa k te ekri sou li nan Bib la: “Lamou m genyen pou tanp ou a ap boule nan mwen tankou yon dife.”


Yo te envite Jezi ak disip li yo nan maryaj la tou.


Epi m vin sonje pawòl Senyè a te di a: Jan batize moun nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a.


Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la: Ou se pitit mwen. Depi jodi a, se mwen menm ki papa w.


跟着我们:

广告


广告