Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 2:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Li di moun ki t'ap vann pijon yo: — Demaske nou, fè m' pa wè bagay sa yo la a! Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 A sa yo ki t ap vann toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”

参见章节 复制




Jan 2:16
17 交叉引用  

Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo.


Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè. Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”


Men tout envite yo te fè la soudorèy, epi yo te kontinye ap regle zafè pèsonèl yo. Genyen k al travay nan jaden yo, gen lòt k al regle zafè komès yo.


Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m? Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”


Lè sa a Jezi di yo: “Pou kisa nou t ap chache m? Nou te dwe konnen, kote travay Papa m ye se la pou m ye.”


Se Papa m ki ban mwen yo, epi li pi gran pase tout moun. Okenn moun pa ka vòlè mouton m yo nan men Papa a.


Jezi fè yon fwèt ak plizyè kòd. Li te chase yo tout nan tanp lan ansanm avèk mouton yo ak bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo. Li jete tout lajan yo atè.


Jezi di l: “Pa kenbe m! Paske m poko monte ale jwenn Papa m. Sa w gen pou fè, ale jwenn disip mwen yo, di yo mwen monte al jwenn Papa m, ki Papa nou tou, mwen ale jwenn Bondye m, ki Bondye pa nou tou.”


Men li di yo: “Papa m pa janm sispann travay, se kon sa mwen menm tou m ap travay.”


Jezi reponn yo: “Non, mwen pa gen okenn move lespri nan tèt mwen, men m ap onore Papa m, epi nou menm n ap dezonore m.


Sa lakoz moun ki gen lespri sal epi ki pa konprann verite a, y ap fè yon bann diskisyon san fen. Yo panse lè yon moun pretann sèvi Bondye se yon fason pou yo vin rich.


Fo doktè sa yo, se lajan ase yo vle fè. Poutèt sa, y ap sèvi avè n epi rakonte nou yon bann istwa ki pa verite a. Pou moun sa yo, jijman yo pare lontan deja, kondanasyon yo p ap dòmi.


跟着我们:

广告


广告