Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 2:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Jezi fè yon fwèt ak plizyè kòd. Li te chase yo tout nan tanp lan ansanm avèk mouton yo ak bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo. Li jete tout lajan yo atè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Li pran kòd li kòde fè fwèt. Epi li tonbe chase moun yo deyò nan Tanp lan, ak tout mouton yo, tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo.

参见章节 复制




Jan 2:15
7 交叉引用  

Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo.


Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè.


Li jwenn nan tanp lan yon bann moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon. Li jwenn lòt moun ki te chita bò tab yo ap chanje lajan tou.


Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.”


Konsa, sòlda yo koupe kòd yo epi yo kite kannòt sekou a tonbe nan dlo.


Nou pa sèvi ak zam lèzòm fè. Puisans zam nou yo soti nan Bondye, epi y ap detwi tout kote lènmi an genyen pou fè l kwè li an sekirite. N ap detwi move rezònman lèzòm ap fè,


跟着我们:

广告


广告