Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 19:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l! Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l, yo konmanse rele: — Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Pran l, kloure l sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m kondannen l, mwen menm.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, lè chèf prèt yo ak ofisye yo te wè Li, yo te kriye fò e te di: “Krisifye! Krisifye!” Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi krisifye Li, paske mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li.”

参见章节 复制




Jan 19:6
15 交叉引用  

Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li te chita pami sèvitè granprèt la pou l te ka wè kijan sa pral fin i.


Pilat di ankò: “Ki sa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?” Yo tout reponn: “Krisifye l!”


Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!”


Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”


Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.


Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.” Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.”


Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal.


Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!” Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?” Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!”


Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.”


Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan.


Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l.


跟着我们:

广告


广告