Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 19:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Pilat sòti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: — Koute. Mwen pral mennen l isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m kondannen nonm sa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pilate te parèt deyò ankò epi te di: “Gade byen, mwen mennen L devan nou ankò pou nou ka konnen ke m pa twouve okenn koupabilite nan Li.”

参见章节 复制




Jan 19:4
16 交叉引用  

Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.”


Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!”


Li di: “Mwen peche paske mwen te livre yon nonm inosan bay lènmi l yo pou yo touye l.” Yo reponn li: “Ki mele nou? Sa a se biznis pa w!”


Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”


Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”


Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.”


Lè kaptenn lame a wè sa k te rive a, li bay Bondye louwanj epi li di: “Se sèten, nonm sa a te inosan vre!”


Pilat antre ankò nan palè a. Li rele Jezi epi li di l: “Èske ou se wa Jwif yo?”


Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal.


Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l! Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.


Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.


Donk, Jezi se kalite prèt nou bezwen an. Li sen epi li inosan. Li pa gen okenn peche nan li. Moun pa ka enfliyanse l pou fè l tonbe nan peche. Bondye leve l nan yon nivo ki pi wo pase syèl la.


Men, se ak san Jezikris Bondye te rachte nou. Li menm ki te sakrifye tèt li tankou yon Ti Mouton san tach epi san defo.


“Li pa janm peche epi li pa janm bay manti.”


Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo. Li menm ki te inosan, li mouri pou koupab yo, pou l mennen yo bay Bondye. Moun yo te touye l, men Sentespri Bondye a te resisite l.


Epitou, nou konnen sa, Jezikris te vini pou li wete peche epi li pa gen peche nan li.


跟着我们:

广告


广告