Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 19:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!” Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?” Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Men, yo konmanse rele: — Touye li! Touye li! Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Nou vle m kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf prèt yo reponn li: — Nou pa gen lòt wa pase Seza.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Pou sa yo te kriye fò: “Fè L soti, fè L soti, krisifye L!” Pilate te di yo: “Èske m ta krisifye Wa nou an?” Chèf prèt yo te reponn: “Nou pa gen okenn lòt wa ke César.”

参见章节 复制




Jan 19:15
9 交叉引用  

Konsa nou bezwen genyen opinyon w sou kesyon sa a: Èske se byen pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”


Men, tout foul la pran kriye ansanm: “Touye nonm sa a! Lage Barabas!”


Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.” Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.”


Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l! Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.


Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm.


Paske se tout foul la nèt ki t ap swiv li epi k t ap rele byen fò: “Touye l!”


Lè moun yo tande Pòl di dènye pawòl sa yo, yo tonbe rele byen fò: “Touye nonm sa a! Nou pa fèt pou kite yon moun kon sa viv pami moun.”


跟着我们:

广告


广告