Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 19:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Jezi reponn li: — Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pat Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m nan men ou lan, li pi koupab pase ou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”

参见章节 复制




Jan 19:11
37 交叉引用  

Lè sa a Granprèt chire rad sou li, epi l di: “Li derespekte Bondye. Ki lòt prèv nou bezwen ankò? Nou fèk tande ak de zòrèy nou kijan l pa gen okenn respè pou Bondye.


Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a.


Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.”


Mwen te toujou ansanm ak nou chak jou nan tanp lan, pou kisa nou pa t arete m. Men kounye a se jou pa nou, jou kote fènwa ap renye.”


Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a.


Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.


Lè sa a, Pilat di l: “Ou refize reponn mwen? Ou pa konnen m gen otorite pou m fè libere w epi m gen otorite pou m fè yo krisifye w?”


Janbatis reponn: “Pa gen pèsonn ki ka resevwa anyen, si Bondye pa ba li l.


Lè Jezi di sa, moun yo t ap eseye arete li. Men pa t gen yon moun ki te kapab mete men sou Li. Paske jou li pa t ko rive.


Jezi di yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap anba kondanasyon peche. Men, nou di nou wè, se sa k fè nou koupab.”


Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan.


Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l.


Yo te fè sa pou yo te ka akonpli sa ou menm, nan pouvwa w ak volonte w te gen tan planifye davans pou rive.


Wi, Bondye fè tout bagay. Epi tout bagay kontinye ap mache pa mwayen li menm ak pou li menm. Tout laglwa se pou Bondye pou tout tan gen tan! Amèn.


Nou dwe obeyi tout otorite ki plase sou tèt nou. Paske se Bondye ki mete tout otorite. Otorite ki la yo, se Bondye ki plase yo.


Tout bagay ki san fot, se nan Bondye l soti. Tout bon kado, se an wo nan syèl yo soti. Se Bondye ki bay yo. Se li ki kreye solèy la ak zetwal yo. Bondye pa konn chanje menm jan ak lonbraj limyè fè chanje, li pa menm konn varye nan pozisyon l.


Lè yon moun konnen sa ki byen pou l fè a, epi li pa fè l, sa se yon peche li komèt.


跟着我们:

广告


广告