Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 18:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l la, mache sou yo, li mande yo: — Ki moun n'ap chache?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Jésus, byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”

参见章节 复制




Jan 18:4
27 交叉引用  

Depi menm lè a, Jezi kòmanse eksplike disip yo li gen pou l monte Jerizalèm. Li gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.


“Sonje, fèt Pak la se apre demen! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay lènmi l yo ki pral krisifye l sou yon kwa.”


Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m.”


Apre sa Jezi di disip yo: “Aswè a nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a, epi mouton yo ap gaye toupatou.


Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”


Anvan fèt Pak la, Jezi te deja konnen lè l te rive pou l kite lemonn pou l ale kote Papa l, li te toujou renmen moun li chwazi pou disip li yo. Lè sa a, li ba yo yon prèv lanmou san mezi.


Li te konnen ki moun ki te gen pou trayi l la, se poutèt sa li di: “Se pa nou tout ki pwòp.”


Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.” Li di yo: “Se mwen menm.” Jida ki t ap trayi l la te avèk yo.


Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?” Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”


Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.”


Men gen kèk nan nou ki pa kwè.” (Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo. Li te konnen sa depi okòmansman. Epi Li te konnen kilès ki ta livre li bay lènmi li yo tou.)


Ou va fè m konnen kijan pou m retounen viv ankò. Ou ranpli kè m ak lajwa, paske ou ap toujou toupre mwen.


Menm jan Kris te soufri poutèt sa moun te fè l, nou menm tou, pare pou n soufri. Paske yon moun ki aksepte soufrans nan lavi sa a fini ak peche.


跟着我们:

广告


广告