Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 18:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo te pote fannal ak gwo chandèl tou limen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.

参见章节 复制




Jan 18:3
15 交叉引用  

Nan jou sa a, wayòm Bondye a ap tankou dis demwazèldonè ki te dwe al rankontre mesye marye a ak lanp yo pou yo ka klere chemen pwosesyon an pou li.


Pandan yo t ap manje nan aswè, lè sa a, Satan te gentan mete nan kè Jida, pitit Simon Iskaryòt la, pou l trayi Jezi.


Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare.


Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.


Lè Jezi di sa, youn nan gad yo bay Jezi yon bèl kalòt, epi li di l: “Se kon sa ou ap reponn Chèf prèt la?”


Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l! Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.


Farizyen yo te tande sa moun yo t ap di sou Jezi. Alò, chèf prèt yo mete ak Farizyen yo, yo voye kèk nan moun ki t ap fè polis nan tanp lan pou arete li.


Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo.


Te gen yon nonm nan lavil Sezare yo te rele Kònèy. Kònèy te yon kapitèn nan lame Women an. Li te nan tèt yon batayon sòlda, moun peyi Itali.


跟着我们:

广告


广告