Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 18:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li.

参见章节 复制




Jan 18:12
17 交叉引用  

Yo arete Jezi, yo mennen l kay Kayif, granprèt la, kote pwofesè lalwa yo ak lidè pèp Juif la te gen tan rasanble.


Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a.


Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan.


Yo mennen Jezi devan gran chèf prèt la. Epi yo rasanble tout chèf prèt yo, lidè pèp Juif la ak pwofesè lalwa yo.


Byen bonè nan maten, chèf prèt yo, ansyen yo, direktè Lalwa yo, ak tout Sanedren an fè yon plan. Yo mare Jezi, yo mennen l bay Pilat.


Yo arete Jezi. Yo kondi li ale lakay chèf prèt la. Pyè li menm t ap swiv yo a yon distans.


Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.


Te gen yon nonm nan lavil Sezare yo te rele Kònèy. Kònèy te yon kapitèn nan lame Women an. Li te nan tèt yon batayon sòlda, moun peyi Itali.


Foul la t ap chache yon jan pou touye Pòl, lè kòmandan batayon Women an jwenn nouvèl la. Li te tande tout lavil la nèt tèt anba.


Pandan yo t apral antre nan kazèn nan, Pòl di kòmandan an konsa: “Èske m ka di w yon bagay?” Kòmandan an di l: “O, apa ou pale Grèk?


Diskisyon an te fè goumen leve, sa te fè kòmandan an vin pè pou moun yo pa dechire Pòl an miyèt moso. Konsa, li mande sòlda l yo pou yo desann nan foul la, retire Pòl nan mitan yo epi al fèmen l nan kazèn nan.


跟着我们:

广告


广告