Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 17:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 M ap priye pou yo kounye a. Mwen p ap priye w pou lemonn, men pou sa ou ban mwen yo. Se pou ou yo ye,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Mwen mande anfavè yo. Mwen pa mande pou lemonn, men pou sa ke Ou te ban Mwen yo. Paske se pou Ou yo ye.

参见章节 复制




Jan 17:9
17 交叉引用  

Mwen priye pou ou pou ou pa pèdi lafwa! Lè ou retounen vin jwenn mwen, se pou fòtifye frè w yo.”


Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.” Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li.


Lè yo wè sa, moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo.


Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè ki va la avèk nou pou tout tant.


menm jan ou ba li pouvwa sou tout moun, pou l ka bay tout moun ou ba li lavi etènèl.


Mwen pa priye pou yo sèlman, mwen priye tou pou moun k ap vin kwè poutèt temwanyaj yo.


Mwen fè moun ou te pran ban mwen nan lemonn yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye, ou ban mwen yo, epi yo mete Pawòl ou an pratik.


Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo.


Men sa Papa a ki voye m nan vle m fè: Li pa vle m pèdi pèsonn nan sa l te ban mwen yo. Non! Nan dènye jou a, m ap gen pou m resisite yo.


Konsa, Jezi gen pouvwa pou l sove nètale tout moun ki vin jwenn Bondye pa mwayen li menm. Li toujou vivan epi li vle entèsede pou tout moun ki pwoche bò kote Bondye.


Kris te antre Kote ki pi Sen an, men se pa sa lèzòm te fè a. Sa lèzòm te fè a, se te yon reprezantasyon li te ye sèlman. Li te antre nan syèl la epi se la li ye kounye a, nan prezans Bondye, pou l defann koz nou.


Nou konnen nou se pitit Bondye epi tou mond lan rete anba pouvwa Satan.


Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.


Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.


Nenpòt moun ki pa te gen non l enskri nan liv lavi a, yo te jete l nan letan dife a.


跟着我们:

广告


广告