Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 17:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Kounyeya, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “E koulye a, ban M glwa ansanm avèk Ou Menm, Papa, avèk glwa ke M te gen avè W avan lemonn te egziste a.

参见章节 复制




Jan 17:5
20 交叉引用  

Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman.


Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.


Mwen menm ak Papa a nou se youn.”


Jezi di l: “Pou tanndat mwen avèk nou epi w pa konnen m, Filip! Moun ki wè m se Papa a li wè, kijan w fè di pou m montre w Papa a?


Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou,


Papa, mwen vle kote m ye, se la pou moun ou ban mwen yo ye avè m tou, pou yo wè glwa ou ban mwen, paske ou renmen mwen anvan lemonn te fèt.


Pèsonn pa janm monte nan syèl, eksepte moun ki te desann soti nan syèl la, Pitit Lòm nan.


Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, anvan Abraram te la, mwen la.”


Li menm ak Bondye yo egalego, poutan, li pa t panse gade egalite li ak Bondye a kòm yon avantaj pou l ta chache kenbe ak tout fòs li.


Men sa Bondye di ankò: “O SENYÈ a, ou kreye latè nan kòmansman, ou fè syèl la avèk men w.


Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat Papa a ki gen tout pouvwa a.


Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou.


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Wi, sila ki se lavi a, li te parèt aklè devan nou. Nou te wè l, epi kon sa nou ka pale lòt yo de li. Kounye a, n ap anonse w li. Li se lavi etènèl ki te nan Bondye Papa a epi ki te parèt aklè devan nou.


Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.


Moun ki ranpòte laviktwa a, l ap chite ansanm ak mwen sou twòn mwen, menm jan mwen menm, mwen ranpòte laviktwa epi mwen chita ansanm ak Papa m sou twòn li a.


跟着我们:

广告


广告